Stevens Azima public
[search 0]
Plus
Téléchargez l'application!
show episodes
 
Loading …
show series
 
Diskou sou klas sosyal yo ann Ayiti pran plizyè fòm: pitit sòyèt, nèg lavil, klas mwayèn, gran nèg, gran fanm, nèg anwo, laboujwazi, eks. E diskou sa yo evolye tou an mezi tan ap pase. Nou te rankontre Pwofesè Fleuristin fwa pase sou menm sijè a, kounye a n ap rankontre ak Tamas Jean Pierre, yon sosyològ e militan feminis pou yon ti pale sou egzist…
  continue reading
 
Nan kòmansman epizòd sa nou te jwe mizik "Nèg anwo" Boukan Ginen an. An reyalite, diskou sou klas sosyal yo ann Ayiti pran plizyè fòm: pitit sòyèt, nèg lavil, klas mwayèn, gran nèg, gran fanm, nèg anwo, laboujwazi, eks. E diskou sa yo evolye tou an mezi tan ap pase. N ap rankontre ak Lionel Fleuristin, yon pwofesè ki gen plis pase 20 an eksperyans …
  continue reading
 
Nan ti kozri sa a ak Yves-Marie Exumé, nan espas 90 minit nou rive dekòtike yon seri bagay ki pa yès nan fason sosyete a fonksyone, espesyalman nan jan li konstwi rapò fi ak gason. Epizòd sa tou ka ofri yon bèl antre sou mouvman feminis lan, alafwa nan dimansyon teyorik li ak nan dimansyon pratik li. Yves-Marie Exumé pataje vizyon l ak nou sou pwob…
  continue reading
 
Nou envite Ekonomis Carl-Henri Prophète vin reponn kesyon sa a pou nou: Èske Ayiti marye ak lamizè? Ekonomis la di nou li bouke chèche papye maryaj la li pa wè l, men li rekonèt Ayiti ak lamizè gen yon long istwa ansanm, yo pa de etranje. Apre li fin fè yon bèl rale sou istwa ekonomik peyi a, li idantifye yon seri dinamik estriktirèl ki sitire lami…
  continue reading
 
Nan dezyèm pati diskisyon sa nou te gen ak ekonomis Standley Réginald epi Débora Descieux a, nou diskite dirèkteman koz varyasyon todchanj lan alafwa istorikman e aktyèlman. Nan gade konsekans dènye chanjman yo ka genyen tou. Nan fen an, nou fè yon ti louvri kad la sou jan nou ta ka inove finans peyi a atravè yon seri zouti tankou kontra alavans, d…
  continue reading
 
Nan premye pati diskisyon sa nou te genyen ak 2 ekonomis envite, Standley Réginald epi Débora Descieux, nou gade ansanm wòl ekonomis yo, kisa finans ye, ki wòl labank e kisa y ap fè ak lajan nou depoze lakay yo a, wòl Bank Santral, nouvo bidjè peyi a, relasyon ki gen ant dèt n ap peye yo ak Akò PetroCaribe nou gagote a. Nan dezyèm pati a, ki ap vin…
  continue reading
 
Kòman dyaspora a ka ede Ayiti? Nan epizòd sa, n ap antre nan nannan deba sou wòl dyaspora yo, gade limit diskou dominan yo epi liste kèk pinga. Apre sa n ap gade istwa, kontèks ak pwofil dyaspora ayisyen an pou nou ka fè konesans li pi byen. Apre tout sa, n ap pare pou gade ak yon je kritik men konstriktif sa ki fèt deja ak sa ki ta dwe fèt (men ki…
  continue reading
 
Ekonomi alafwa atire nou e dekouraje nou. Ki sa ki fè sa? Ki mòd syans sa ye menm? Ki travay ekonomis yo? Ki wòl yo ka jwe nan rezoud pwoblèm Ayiti yo?Dekouvri tout sa nan premye epizòd Kreyonomi Pòdkas la, nan ribrik Ekonomi an. Tcheke biyè blòg ki mache ak epizòd sa a sou kreyonomi.blog pou plis detay, plis referans ak eleman nou pa t abòde nan p…
  continue reading
 
Loading …

Guide de référence rapide