Miss Soy Bamby Raquel Mawussia Nanourz public
[search 0]

Téléchargez l'application!

show episodes
 
Loading …
show series
 
Nan yon nouvo epizòd Ti Chèz Ba The Podcast, Abèy yo te pale sou koze asèlman nan kominote ayisyen an. Yo te fokis an patikilye sou asèlman nan milye travay apre yo te defini tèm nan epi elabore sou kad legal sijè a. Yo te resevwa Stacy, yon jèn fanm ki te chwazi pataje eksperyans li kote li te sibi dè zak asèlman nan biwo kote li t ap travay. Stac…
 
Pandemi coronavirus la ap frape anpil peyi depi mwa desanm ane pase. Menm pi gwo pisans mondyal yo pa epanye pa efè maladi sa pote. Nan nouvo epizòd sila, Abèy yo te chita ak yon Doktè Nemològ, Joëlle Philogène. Yo te brase lide sou Covid-19 e ki jan sa te afekte peyi Dayiti ak antouraj yo. Doktè a te rakonte ki jan pandemi a te afekte li nan…
 
Apre yon ti tan Abèy yo tounen ! Yo te oblije pran yon poz nan koze anrejistreman pòdkas la poutèt pandemi coronavirus ki te fè ravaj nan monn antye a! Yo tounen ak yon epizòd trè pèsonèl! Yo te pwofite ba nou ti òpdet sou kijan yo te oblije adapte yo a nouvo reyalite monn nan epi sou kisa sa te chanje nan lavi chak jou yo! Pi plis toujou, Abèy yo …
 
Nan yon nouvo epizòd Ti Chèz Ba The Podcast, abèy yo chita pale sou koze vyòl. Yo adrese koze a epi pwofite pale sou definisyon zak sila nan peyi isit ak lòtbodlo. Nan epizòd sa nou resevwa de envite: Marly ki se yon viktim vyòl ki te chwazi pataje eksperyans li ak nou. Ak anpil kouraj li echanje pawòl ak nou sou ki jan li te viv dram sa e ki jan l…
 
Nan nouvo epizòd odyo-vizyèl Ti Chèz Ba The Podcast la, Abèy yo te chita ak koup Ann-Sophie ak Jean Luc ki te rakonte nou eksperyans yo ak abstinans anvan maryaj an rapò a lafwa yo. Koup la te eksplike nou motivasyon yo dèye desizyon abstinans anvan maryaj yo te fè apre yo te deja aktif nan sèks, yo te pataje difikilte ak avantaj yo te rankontre pa…
 
Nan yon lòt epizòd Ti Chèz Ba The Podcast, Abèy yo te deside abòde sijè Vodou, yon sijè ki tabou anpil nan sosyete nou pou yon pakèt rezon. Pou ede medam yo sène gwo sijè sa a, yo te chita ak Mambo Sophia Fecu. Li te aksepte pataje moman sa a avèk yo e li te reponn tout kalte kesyon medam yo te genyen sou relijyon vodou. Avè l yo te dekouvri plis s…
 
Nan nouvo epizòd Ti Chèz Ba The Podcast sa a, Abèy yo te pale sou koze avòtman. Yo te chita analize kèk pèsepsyon ak move konsepsyon ki souvan genyen sou sijè avòtman nan sosyete nou an. Yo te pwofite pale tou sou metòd fanm itilize an Ayiti pou fè avòtman epi bwose sou risk kèk ladan yo ka pote. Pou ede yo kouvri sijè a yo te resevwa Doktè Gianni …
 
Abèy yo te chita ak Semi ki se yon transjan k ap viv an Ayiti. Semi te rakonte eksperyans lavi li, kijan li adrese idantite jan li pa rapò ak oryantasyon seksyèl li epi tou kijan sa te ye pou li yon jèn fi nan tèt ki fèt yon ti gason nan kò l sitou an pwovens. Ansanm yo te de defini tèm transjan e te pwofite adrese obstak moun transjan afwonte chak…
 
Abèy yo te chita pou eksplore kijan biznis nan peyi Dayiti fonksonye sitou pa rapò a konjonkti sosyopolitik peyi a ki souvan pa pèmèt antreprenè yo epanwi nèt. Medam yo te chita ak 2 antreprenè jèn k ap evolye nan kominote nou a. Pou gen diferan pèspektiv yo te fè apèl a Fito Regnier, Direktè Jeneral Top Tires, yon konpayi ki nan fanmi l depi lonta…
 
Nan premye epizòd sezon 2 a Abèy yo te chita pale sou koze pèsonèl domestik: sèvant, chofè, gason lakou, nani etc... Ansanm medam yo te eksplore pèsepsyon ki genyen sou metye sa yo epi te pataje opinyon pa yo sou ki jan sosyete a wè e apresye moun ki fè djòb sa yo. Yo te resevwa Melissah ki te pataje opinyon li ak eksperyans pa l ak pèsonèl domesti…
 
Pou klotire premye sezon an, Abèy yo te chwazi fè yon epizòd espesyal pou reponn a kesyon yo konn resevwa sou rezo sosyo yo. Yo te pwofite tou pou fè yon ti pale sou eksperyans yo ak pòdkas la, sou ki santiman yo genyen nan fen premye sezon an epi ki atant yo ta genyen pou yon nouvo sezon. Epizòd sa dedye espesyalman a tout oditè yo ki pataje ti mo…
 
Nan dènye epizòd pou sezon an, se sou sijè relijyon konvèsasyon an te chita, Abèy yo te envite Stanley Georges pou fon ti koze sou eksperyans pa li ak lafwa. Li te temwanye de kijan li viv relijyon li an Ayiti, kijan li te tounen do l bay pase l pou l te rejwenn tèt li kòm kretyen. Medam yo te poze li anpil kestyon sou pratik ak tradisyon relijyon,…
 
Epizòd Ti Chèz Ba The Podcast sa a adrese sijè Depresyon. Nan epizòd sa nou te resevwa CATHERINE, yon jèn fi 24 lane ki te vinn chita avèk nou pou pataje eksperyans li kòm yon moun ki soufri depresyon. Ansanm nou te dekouvri efè depresyon te genyen sou lavi li e kijan maladi sa afekte relasyon l ak pwòch li. Pou epizòd sa a, nou te resevwa tou Phaï…
 
Nan epizòd Ti Chèz Ba The Podcast sa a, medam yo te adrese sijè asèlman sou entènèt. Nan tan n ap viv yo, rezo sosyo nan sant aktivite jèn yo. Koze asèlman sou entènèt afekte anpil nan nou an Ayiti, yon peyi kote pa gen okenn paramèt legal pou pwoteje moun kont zak sa yo. Abèy yo te chita ak Paska, yon atis ayisyen ki fè plizyè eksperyans an rapò a…
 
Nan epizòd 8 Ti Chèz Ba The Podcast, medam yo te chita pale ak Elder sou koze relasyon poliamourèz. Yo te dekouvri mòd relasyon sa yo, eksplore sans yo epitou kijan yo fonksyone. Elder, ki se yon jèn ki santi li poliamoure te pran sanl reponn anpil nan kesyon medam yo pou ede yo sènen sijè sa, ki te sanble nouvo pou yo.…
 
Nan epizòd sa a medam yo pale sou gwo fanm. Yo pale de pèsepsyon moun genyen sou fanm poutèt gwosè yo e kijan sa afekte yo nan lavi yo toulèjou. Yo resevwa Jinou, ki vinn pataje eksperyans pa l kòm yon gwo fanm ki pa t grandi nan peyi Dayiti men ki vinn abite la nan gramoun li. Ansanm yo te adrese kèk mit ki genyen sou gwo fi e eseye ofri pwennvi p…
 
Nan sizyèm epizòd Ti Chèz Ba The Podcast la medam yo abòde sijè Fòkbòy. Kisa yon fòkbòy ye? Ki sa ki vle di yon gason se yon fòkbòy? Yo te chita avèk T-Lo, yon gason ki di li te yon fòkbòy kwake nan moman an li kite vi sa a. Msyeu te reponn tout kesyon medam yo ak anpil kran e li mete anpil bagay klè pou tout moun rive konprann ekspresyon fòkbòy la…
 
Epizòd sa se dezyèm pati sou kesyon seksyalite medam yo te eksplore deja ak Philippe. Fwa sa a yo chita ak Annie Azor, yon lezbyèn ki ap viv nan peyi Dayiti ansanm ak menaj li. Annie pataje eksperyans li kòm yon omoseksyèl nan sosyete a, epitou tankou yon moun ki rekonèt oryantasyon seksyèl li depi li tou piti. Epizòd Ti Chèz Ba The Podcast sa a ek…
 
Nan katryèm epizòd Ti Chèz Ba The Podcast, medam yo abòde sijè relasyon. Yo pale de tout kalte relasyon e sa te rive mennen yo fè lyen ant relasyon an Ayiti ak klas sosyal. Nan epizòd sa tou, medam yo te reponn kèk kesyon yo resevwa sou rezo sosyo, toujou an rapò ak relasyon.Par Miss Soy Bamby Raquel Mawussia Nanourz
 
Nan dezyèm epizòd Ti Chèz Ba The Podcast medam yo adrese tèm estim nan tèt. Yo koze sou pratik moun fè sou kò tankou tatou, pèsing, eklèsisman po e latriye. Yo pale tou sou koze chiriji estetik e yo resevwa yon envite espesyal ki vinn pataje eksperyans pal sou sijè sa! Apresye dezyèm epizòd Ti Chèz Ba The Podcast!…
 
Premye epizòd sa te yon okazyon pou nou prezante tèt nou bay piblik la, bay tout moun chans aprann konnen kiyès nou chak ye, kijan nou fè vinn byen ak kisa ki te fè nou vinn ak lide pou nou fè pòdkas la. Nou adrese tou kèk prejije ki genyen kont jèn fi nan sosyete nou, kijan nou adrese prejije sa yo epitou kijan nou viv avèk ou san yo. Mèsi ak tout…
 
Loading …

Guide de référence rapide