LODYANS Podcast se yon seri anrejistreman odyo kap penn kèk fasèt nan reyalite ayisyèn lan, atravè yon kalte istwa orijinal. Podkas sa yo pwodwi an kreyòl nan yon estil yo rele lodyans.
…
continue reading
Nan epizòd sila, nou pran plezi pataje epi dekri yon eksperyans sou youn nan espas ki pat manke make plizyè jenerasyon nan ekonomi enfòmèl lan an Haiti. Nou vle pale de : SOU PAY.SOU PAY lan se yon kalte espas nan premye blòk mache Kwabosal. Li bat plis sou lari. Se atè a la nan tout bagay bwase. Se yon kalte espas ekonomik ki charye dèyèl yon latr…
…
continue reading
Vèydenwi : Epizòd sila pran deskri yon kalte sèn ki pwodwi nan dewoulman yon aktivite espirityèl e sosyal nan yon espas sosyalizasyon nan kominote ayisyèn lan. Nou pran plezi dekri ak ou yon ti moman kote moun, lapriyè, konsekrasyon, louwanj ak adorasyon fon sèl nan yon ti bout espas apre lanjelis. Men tou, kote chak moun vinn regle koze pa yo.…
…
continue reading
Epizòd sila dekri yon seri fasèt nan reyalite ki dèyè koze Bis Ray lan. Se yon seri gwo bis ki fè trafik Kafou-Pòtoprens lan(ale-retou).Nou pran plezi penn yon seri sitiyasyon ki karakterize eleman sila. Nan sitiyasyon sa yo, gen sa nou te konnen deja e gen sa yo pat ko janm penn nou.
…
continue reading
FIDOLEN rakonte istwa yon moun fou kap paweze nan lari Pòtoprens... Yon pèsonaj ki charye dèyè l yon kalte istwa ki pa depaman ak yon pakèt lòt ki rive sou ti bout tè Ayiti an. Se yon bout istwa ki relate yon trajedi, men kap eseye penn yon reyalite ki kontinye ap fè chimen l.
…
continue reading
Nan epizòd sila, nou rakonte yon pati nan lavi yon pèsonalite piblik e moral, kap mennen yon vi egzanplè devan je anpil nan sila kap swiv li yo, men ki kache yon kalte vis ki pa kamarad ak stati li an.. Nou vle pale w de Pastè Celidieu.🤓
…
continue reading
Kay JanJan se deskripsyon kèk fasèt nan yon reyalite ki egziste nan nannan kapital lan atravè yon istwa. Lodyans sa chita sou yon evènman pou l eseye penn kèk aspè nan reyalite sa atravè yon bout lannwit memorab.
…
continue reading
Michaël se istwa yon pati nan lavi yon jèn gason ki fèt e grandi ak estil yon fanm e ki ap bat dlo pou l fè bè nan lari Pòtoprens.
…
continue reading
…
continue reading